AYITI/DRAM : YON GWO DIFE EKLATE NAN IZIN « HAIPLAST RECYCLING S.A  » NAN LANNWIT.

Nan lanwit 27 pou louvri jounen 28 mas la yon gwo dife eklate nan lokal izin  » Haiplast recycling S.A » nan site militè, selon deklarasyon kèk abitan.

Nan « site militè »ak « vilaj solidarite » ,gwo dife sa te oblije fè popilasyon kouri kite kay yo pandan nwit lan pou te evite yo viktim .

Haïplast recycling » ki espesayalizel nan transfòme bagay plastik tankou:asyèt katon, boutèy bwason gazez plastik pou fè lòt bagay pou moun ka itilize  » daprè esplikasyon youn nan abitan yo .

N ap siyale, malgre entèvansyon ponpye nan komin delma pat kapab fè anyen pou etèn dife nan lokal antrepriz la akoz mank materyèl, n ap fè remake yo poko konnen si gen moun ki viktim pandan gwo dife sa a .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …