LEMOND/ SINEMA : PREZIDAN DOMINIKEN AN, LOUIS ABINADER, SIYEN YON AKÒ AK VIN DIESEL E AK ONE RACE FILM

Louis Abinader anonse sou rezo sosyal yo ak pèp dominiken an, jounen dimanch 28 mas 2021 an siyati yon akò ant li menm ak aktè Vin Diesel e One Race Film.

Daprè prezidan dominiken an, Louis Abinader, akò sila a siyen nan lide pou konstui yon estidyo sinema k ap sou sipèvizyon Vin Diesel ak ONE RACE FILM.

« L ap bay sinema dominiken an jarèt, men sa ap kreye anpil djòb e l ap atire touris », se sa li fè konnen.

Sendomeng se youn nan peyi nan Karayib la ki resevwa plis touris nan 2 lane ki sot pase yo.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:net

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …