AYITI/POLITIK: DIOPOD ONORE MEMWA POLISYE KI TE TONBE NAN VILAJ DE DYE YO .

Sou inisyativ direksyon politik opozisyon an (DIOPOD) yon jounen omaj reyalize jounen 30 mas 2021 an nan « Hotel Le Plaza » nan komin Petyon vil pou polisye kite mouri vandredi 12 mas la nan operasyon vilaj de Dye a.

Pòt pawòl òganizasyon pèp k ap lite (OPL) Dario Cyriack ak Pòt pawòl sektè demokratik ak popilè a mèt Andre Michel, yo denonse wo kòmandman nan polis la ki pa fè anyen pou rive ale chache kò polisye yo kite mouri nan operasyon vilaj de Dye a, lidè politik sa yo ki denonse konpòtman otorite yo ki pa bay fanmi polisye yo regle anyen pou yo .

N ap siyale, pandan seremoni sa plizyè militan ki pwòch opozisyon an te sòti pou bòykote aktivite a, akoz lidè yo nan opozisyon an pa janm òganize okenn seremoni pou manifestan ki mouri nan mobilizasyon yo .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …