AYITI/POLITIK: »MEZI M TE PRAN YO NAN BATAY KONT ENSEKIRITE A AP TOUJOU KENBE TOUTOTAN SE MWEN KI CHÈF GOUVÈNMAN AN » , DEKLARASYON PREMYE MINIS JOSEPH JOUTHE.

Joseph Jouthe, nan yon konferans li bay jounen mèkredi 31 mas la, fè konnen mezi li te pran nan batay l ap mennen kont ensekirite a ap toujou kenbe toutotan se li ki chèf gouvènman an.

Chèf primati a kwè mezi detente vit machin yo se te sèl mezi gouvènman an potko pran nan kad mezi yo te konn pran nan batay kont ensekirite a.

« Moun ki pa dakò ak mezi m pran yo, yo ka jis revoke m », Joseph Jouthe.

N ap raple gouvènman an te pran mezi detente vit machin sof sila kò diplomatik, kò konsilè ak plak jon yo nan sousi pou te batay kont kidnapin ak ensekirite ki kontinye ap mete dlo nan je popilasyon an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …