OPERASYON LAPOLIS LA ECHWE NAN VILAJ DE DYE AKOZ MANK ENFÒMASYON  » DAPRÈ PREMYE MINIS JOUTHE JOSEPH.

Chèf gouvènman Jouthe Jospeh, nan yon konferans pou laprès mèkredi 31 mas la fè konnen lapolis echwe nan operasyon vilaj de Dye vandredi 12 mas la akoz yo te manke enfòmasyon ak estrateji .

Chèf primati a, di ansanm enfòmasyon sa yo vini jwenn li nan yon rapò wo kòmandman polis la bali a travè ministè lajistis  » operasyon vilaj de Dye a te byen planifye, byen sòlde , fas ak kèk erè estratejik operasyon an te rive echwe  » deklarasyon premye minis Jouthe Jospeh .

N ap fè remake, enspeksyon jeneral polis la mete nan izolman enspektè Carl Henry Boucher kòm premye sispèk nan echèk operasyon lapolis la nan vilaj de Dye vandredi 12 mas la, ki te lakoz pou piti 5 polisye mouri, plizyè lòt te sòti blese pandan operasyon an .

Dieuva Occidor Echo Jounal .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …