LEMOND/ DRAM: POU PI PITI 26 MOUN MOURI AK PLIZYÈ LÒT BLESE NAN YON AKSIDAN TREN NAN PEYI TAYWANN (TAÏWAN) .

Yon gwo aksidan tren fèt nan maten vandredi 2 Avril 2021 an, nan lès peyi Taywann (Taïwan) sa ki lakoz pou pi piti 26 moun mouri ak plizyè lòt  blese , selon premye enfòmasyon yo se ta yon dezekilib ki ta pwovoke derayman tren an nan « tunnel » la.

Selon otorite polisye yo nan premye bilan yo fè konnen pou pi piti gen 26 moun ki pa bay siy yo gen souf, 72 moun te rete kwense nan youn nan « wagon » tren an, men  yo te gentan  kouri mennen 61 lòt lopital daprè sant operasyon ijans peyi Taywann .

Nan yon kominike biwo prezidant Tsai-ing Wen lan, mete deyò li fè konnen lavi moun sa yo konte pou li anpil epi li  mete yo an priyorite .

Tren sa ki t ap pote 350 pasaje sòti nan vil Taipei pou ale nan vil Taitugn ki sitiye nan sidès peyi Taywann( Taïwan) .

Dieuva Occidor Echo jounal .

Kredi foto:AFP

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …