AYITI/KRIM : PLIZYÈ MOUN BOULE TOU VIVAN NAN AFWONTMAN NÈG AK ZAM NAN KATYE BELÈ.

Plizyè moun boule tou vivan nan kay yo nan afwontman jounen premye (1) Avril la nan katye Belè ki twouve li nan pati nò kapital peyi a pòtoprens, abitan yo ki akize gwoup gang « G9 an fanmi ak alye  » ki ta dèyè atak la .

Selon esplikasyon kèk abitan viktim deklare » se anba anpil peripesi yo rive kite katye Belè nan aprè midi jedi pase a nan moman gwoup gang « G9 an fanmi ak alye  » t ap afwonte moun katye Belè yo.

« Nou pa konnen kantite moun ki boule nan kay yo men, se gras Bondye ki pèmèt mwen sòti vivan  » daprè temwen viktim sa yo .

N ap siyale, kòdonatè « G9 an fanmi ak alye « a Jimmy Cherizier alyas « Babecue », nan kad yon konferans pou laprès pou esplike sak pase Belè a te fè konnen se yon Gwoup gang ki nan zòn lan ki te atake yo epi touye 6 moun pou yo ki lakoz yo te vin reyaji.

Ansyen polisye lapolis ap chache byen lontan ki di pou gè sa yo ka sispann fòk popilasyon nan katye Belè ka chase mesye sa yo pou sispann atake « G9 an fanmi ak alye » pou ka sispann gen viktim daprè li alyans G9 la se pou kapab gen lapè nan Delmas ak nan lòt pati peyi a.

Dieuva Occidor Echo Jounal .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Lemond/konfli: Prezidan peyi Kolonbi an leve tout plim sou do prezidan ameriken an, Donald Trump.

Gwo konfli ant prezidan ameriken an, Donald Trump ak prezidan peyi Kolonbi an, @petrogustavo. Konfli …