AYITI/ADMINISTRASYON:ÒGANIZASYON PWOTEKTÈ SITWAYEN (OPC) ENSTALE YON DIREKTRIS DEPATMANTAL NAN NÒDWÈS.*

Mèt Renan Hédouville, pwotektè sitwayen, enstale nan jounen 1 avril la nan Pòdepè madam Elmide Edmond Jean Baptiste nan pòs direktris depatmantal nan biwo òganizasyon pwotektè sitwayen nan Nodwès.

Seremoni an te dewoule an prezans yon pakèt gwo zotobre nan Nodwès tankou komisè gouvènman premye enstans Pòdepè a, sekretè bawo avoka yo nan komin nan ak reprezantan konfederasyon vodouyizan ak kèk òganizasyon nan sosyete sivil la.

Nan okazyon sila, pwotektè sitwayen te pwofite onore Shoubou ki se chantè gwoup Tabou Combo nan fason li kontribye nan bay kilti ayisyen an jarèt.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Équateur: des attaques armées contre des civils font 14 morts

Deux attaques armées contre des civils ont fait au moins 14 morts dimanche dans une …