AYITI/POLITIK:BIWO KOMINIKASYON LAPREZIDANS  DEMANTI ENFÒMASYON KI TE FÈ KWÈ DLO MANKE ALE AK PREZIDAN AN NAN DEPATMAN NÒDWÈS.

Biwo kominikasyon laprezidans voye jete byen lwen, nan yon kominike pou laprès yo fè soti dimanch 4 avril la, move pawòl ki te fè kwè dlo manke ale ak prezidan an nan depatman Nòdwès.

 » Efektivman chèf Leta a te Mòlsennikola avèk fanmi l pou vakans pak la, se nan moman sa yo tande gen yon pakèt konpatriyòt ki an difikilte pou yo travèse rivyè a. San l pa t pèdi tan, prezidan ak tout ekip li t al prete yo lamenfòt. Nan moman sila a, prezidan an pa t janm retwouve l nan sityasyon yo fè konnen an », daprè sa ki ekri nan kominike a.

Sepandan, nan kominike a, biwo komikasyon an raple kòtèj prezidan an pa gen Nissan patrol ladann jan sa ye nan imaj k ap sikile sou rezo sosyal yo.

« Enfòmasyon sa yo se konfizyon yo ap simen sou aktivite prezidan an ap regle avèk yo ap sal imaj gouvènman an nan yon peryòd politik ki frajil » daprè menm sous lan.

Biwo komikasyon laprezidans pwofite moman an pou l mande popilasyon an pou li vijilan, pou l pa pran nan pyèj yon ekip manipilatè ki nan yon laboratwa k ap travay.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …