AYITI/SEKIRITE : 3 EVADE PRIZON SIVIL KWADÈBOUKÈ ARETE PANDAN WIKENN LAN NAN DEPATMAN SID .

Lapolis nan depatman Sid anonse yo arete vandredi 2 Avril 2021 an, 3 evade ki sòti nan prizon sivil kwadèboukè a kite nan yon machin koulè blanch mak « Nissan Caravane » ki gen plak BB-53342 .

Moun sa yo se : Charleston Jules (41 lane ), Saint Georges Jocelyn (45 lane) ak Reynald René (65 lane), 3 moun sa yo te evade nan evazyon 25 fevriye a kite fèt nan prizon sivil kwadèboukè selon esplikasyon responsab lapolis yo nan depatman Sid bay .

Daprè otorite nan lapolis Sid, 3 evade sa yo nan gadavi nan depatman Sid epi y’ap gen pou transfere yo nan jou k ap vini la yo nan prizon sivil kwadèboukè .

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …