AYITI/ ENTANPERI : POU PI PITI 2 MOUN DISPARÈT, YON MOUN MOURI AK PLIZYÈ KAY INONDE NAN DEPATMAN NÒDWÈS PEYI DAYITI.

Gwo lapli ki tonbe pandan wikenn pase a nan rejyon gran Nò peyi Dayiti lakoz gwo inondasyon nan divès vil nan depatman nodwès selon responsab depatmantal pwoteksyon Nòdwès yo .

Nan kad yon konferans pou laprès jounen 5 Avril 2021 an, kòdonatè teknik pwoteksyon Sivil depatman Nòdwès la Agwonòm Rinnton Georges fè konnen gen 2 mou ki disparèt ak yon lòt mouri nan komin « JanRabèl », 149 kay sibi gwo domaj , 1270 fanmi sinistre san konte tèt bèt peyizan yo ak jaden yo ki devaste pandan gwo lapli yo .

Responsab pwoteksyon sivil depatman Nòdwès la pwofite pou mande ak popilasyon an nan depatman an, pou yo pou fè anpil pridans paske lapli a kapab kontinye tonbe selon previzyon metewolojik yo .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …