LEMOND/POLITIK:VLADIMIR POUTINE  KAPAB PRAN 2 MANDA ANKÒ.*

Vladimir Poutine, prezidan peyi Larisi, siyen lendi 5 avril la, yon lwa k ap pèmèt li pran 2 manda prezidansyèl ankò.

Lwa sila a te valide pa yon referandòm nan lane 2020, sa k ap pèmet Vladimir Poutine rete nan tèt peyi Larisi jis nan lane 2036.

Nan yon sans teyorik, manda prezidan Vladimir Poutine te dwe bout nan lane 2024.  Lwa peyi Larisi pa t otorize yon prezidan pou l fè plis pase 2 manda youn dèyè lòt.

Sepandan, Poutine jwenn yon fason pou l kontoune sa lejislasyon an ekri a. « Restriksyon sa pa aplike ak Chèf Leta ki te la anvan amandman konstitisyon an te antre an vigè », se sa ki di nan tèks referandòm nan apwouve nan lane 2020 an.

Vladimir Poutine, si l chwazi rete sou pouvwa a jan lwa l la di la, manda l ap fini nan lane 2036, l ap gen 83 lane sou tèt li.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …