AYITI /SEKIRITE : « ENSPEKTÈ CARL HENRY BOUCHER TOUJOU NAN MEZI KONSÈVATWA  » DAPRÈ PÒT PAWÒL IGPNH LA JONER VITAL .

Pòt pawòl Enspeksyon jeneral polis nasyonal la fè Joner Vital, fè konnen enspektè Carl Henry Boucher, toujou plase sou mezi konsèvatwa nan enspeksyon jeneral polis la( IGPNH).

Enspektè Joner Vital presize enspektè Carl Henry Boucher dwe prezante 3 fwa pa jou nan enspeksyon jeneral pou siyen prezans li, pandan li raple lè yon polisye nan mezi konsèvatwa li toujou ap touche lajan li nan esntitisyon polis la .

Enspektè Joner Vital, demanti enfòmasyon kite lèse konprann enspektè Carl Henry Boucher te nan izolman nan yon kacho, kondisyon sanitè li yo pat respekte.

N ap raple enspeksyon jeneral polis la mete sou mezi konsèvatwa enspektè Carl Henry Boucher, kòm youn nan responsab echèk operasyon lapolis nan vilaj de Dye a vandredi 12 mas 2021 an.

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …