AYITI/POLITIK:CHANJMAN KONSTITISYON AN, SE YON FASON POU RANFÒSE ENSTITISYON DEMOKRATIK YO DAPRÈ JOVENEL MOÏSE .

Bay peyi a yon lòt konstitisyon, se youn nan rèv  prezidan Jovenel Moïse.  » Jodi a nou gen obligasyon pou nou ranfòse enstitisyon demokratik yo. Pou sa fèt fòk ansanm nou chanje konstitisyon an » sa prezidan Jovenel Moïse fè konnen  sou kont twitter li Madi 6 avril 2021 an.

Ansyen patwon agritans lan kritike, pi lwen, jan peyi a lage sou degraba 217 lane aprè lendepandans. » Peyi a aladriv 217 lane aprè lendependans », daprè menm sous lan.

Yon lòt kote, mesye Moïse kwè chanjman se rèv zansèt nou yo te gen pou nou.  » Chanjman se rèv Henri Christophe wa batisè », Jovenel Moïse.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …