AYITI/POLITIK : PLIZYÈ PATI NAN OPOZISYON AN  BOUDE DEMACH DYALÒG RELIJYON POU LAPÈ A.

Plizyè pati politik ak òganizasyon politik ki fè pati de opozisyon an nan peyi Dayiti tankou  :  sektè ki pote non demokratik ak popilè a , fuzyon sosyal demokrat yo ak inifòs  di yo pa resevwa demand dyalòg relijyon pou lapè a.

Pòt pawòl sektè demokratik ak popilè mèt Andre Michel ak youn nan manm yo Ansyen senatè Nenel Cassy, di yo pa nan dyalòg ak pouvwa anplas la , lidè politik sa yo prezante plizyè agiman ki fè yo pa nan dyaloge ak prezidan repiblik la Jovenel Moïse a travè relijyon pou lapè. Pòt pawòl sektè demokratik la mèt Andre Michel, esplike yo pa deside reponn apèl dyalòg la akoz manm relijyon pou lapè yo gen reprezantan yo nan konsèy elektoral pwovizwa a , mèt la atribiye plizyè manm estrikti legliz la kòm manm PHTK.

Sou bò pa li, sekretè jeneral pati politik fuzyon sosyal demokrat yo Rosemond Pradel, di li gen dout sou  kapasite relijyon pou lapè genyen pou manche dyalòg la, enjenyè Pradel fè kwè estrikti ki pou ta reyalize yon dyalòg ant opozisyon an ak pouvwa dwe gen anpil pwisans pou enpoze sou pouvwa egzekitif la pou pèmèt dyalòg la pote rezilta.

Kòdonatè inifòs lan Paul Denis, li gen menm pozisyon ak lòt lidè yo kwè ekip pouvwa anplas la rate moman pou te fè dyalòg la pi denonse pa serye ekip egzekitif la. Ansyen minis jistis la di anplis prezidan repiblik la kenbe pouvwa ilegal selon atik 134-2, konstitisyon 1987 la.

 

 

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …