ENTÈNASYONAL BREZILYEN AN MARCELO REYAJI SOU KESYON NEYMAR Ak AVNI CRISTIANO RONALDO NAN EKIP REAL MADRID LAN

Marcelo reyaji sou kesyon Neymar ak avni Christiano Ronaldo anndan ekip real Madrid la, Brezilyen an deklare:

« Cristiano pa propriyetè ekip Real Madrid la. Si presidan vle siyen ak yon moun, prezidan ap siyen. Men pa paske Cristiano la, Neymar pap ka vini ? Pòt Real Madrid toujou ouvè byen laj pou Neymar. Real dwe chèche meyè jwè yo. Yon jou Neymar ap gen poul jwe nan Real Madrid. Tout vesyè ya vle ke Cristiano rete. »

Selon jounal « The Sun » Real Madrid ta prè pou li ofri 350 milyon pou brezilyen an Neymar, jounal anglè a fè konnen Real Madrid ta jwenn sipò Nike pou peye lajan sa.

Nap raple se Nike ki abiye Breziyen an e Nike vin youn nan sponsò ofisyèl ekip Real Madrid la apre mezon blanch lan fin divòse avèk Adidas.

 

Ridoré Steeve

ridoresteeve@Gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …