AYITI/SEKIRITE: YON OTAJ LIBERE, YON PREZIME KIDNAPÈ BLESE AK PLIZYÈ MATERYÈL SEZI NAN KOMIN KWADÈBOUKÈ

Yon otaj libere, yon prezime kidnapè blese anba bal lapolis ak plizyè materyèl sezi tankou kouto, zam atizanal ak 2 telefòn, se bilan yon operasyon lapolis mennen 5 avril 2021 an nan komin kwadèboukè nan yon lokalite ki rele belaton.

Nan tèt kole ak sekirite piblik nan kwadèboukè, lapolis mennen yon operasyon aprè bandi ak zam te fin kidnape Christopher Nelson ki gen 26 lane sou tèt li.

Nan kad operasyon sila a viktim nan libere, youn nan prezime kidnapè yo, Abner Abelard blese anba bal lapolis, men fòs lòd yo pa rive mete men sou li. Sepandan, daprè otorite lapolis yo, konkibin li, madam Moncarmelle Balan jwenn arestasyon l e li nan gadavi pou kounya.

Lapolis la fè konnen, l ap chèche Abelard ak tout lòt moun ki konplis nan zak kidnaping sila a.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:net

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …