AYITI/MOBILIZASYON :PITIT GASON ABELSON  GROS-NÈGRE DEKLARE SE KIDNAPE YO KIDNAPE PAPA LI

Moun kafou fèy ak moun ki nan zòn alantou yo  manifeste vandredi 8 avril 2021 an  pou mande liberasyon ansyen polisye sendikalis, Abelson Gros-Nègre ki nan prizon penitansye nasyonal._

Abel Gros-Nègre ki se pitit gason Abelson Gros-Nègre, ki gen 13 lane sou tèt li te nan manifestasyon sila a pou mande liberasyon papa l.

« Yo pa arete papa m, se kidnape yo kidnape l, se yon machin vit tente san plak ki te vin pran l », deklarasyon Abel Gros-Nègre nan mikwo laprès.

Pitit ansyen pòt pawòl SPNH17 la, voye jete tout akizasyon yo mete sou do papa l ki ta fè kwè li se manm fantom 509.  » Papa m pa nan fantom paske fantom se moun ki mouri deja. M ap mande liberasyon papa m », se konsa Abel Gros-Nègre te kontinye.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:VOA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …