AYITI/FINERAY: FINERAY PIERRE RICHARD MYSTAL, POLISYE KI TE TONBE NAN AFWONTMAN ANT POLISYE INITE ESPESYALIZE YO AK FANTOM 509 YO RIVE CHANTE.

Antèman Pierre Richard Mystal, polisye sa ki te tonbe nan kad afwontman ant polisye inite espesyalize yo ak fantom 509 daprè sa otorite lapolis yo fè konnen, chante samdi 10 avril 2021an nan « Parc du souvenir »_ .

Daprè otorite lapolis yo, nan yon premye tan yo te ekspoze depouy la nan chapèl akademi polis la anvan yo te al avèk li nan « parc du souvenir ».

Nan dènye seremoni omaj Lapolis tap bay polisye Pierre Richard Mystal, anpil gwo chabrak nan PNH la te fè deplasman an tankou wo kòmandman an, polisye inite espesyalize ak polisye ki te nan menm pwomosyon ak polisye ki tonbe a.

22 mas 2021 ki sot pase a, se dat sa polisye Pierre Richard Mystal te asasinen nan dèlma 31.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …