Òganizasyon « Stop Accident » fè konnen yo resanse 43 moun ki viktim nan aksidan sòti 5 pou rive 11 Avril 2021 an, daprè yon kominike responsab yo mete deyò jounen lendi 12 Avril la .
Daprè kominike a nan 43 viktim aksidan sa yo pami yo 5 moun mouri sou plas ak 38 lòt sòti blese, nan 16 aksidan sikilasyon manm òganizasyon an rive resanse .
òganizasyon » Stop Accident » an fè konnen zòn ki touche nan aksidan yo se : Kafou « Similien » nan komin Dèlma, komin Gonayiv, komin Mibalè, Lamentin 54, Wout Frè , Dèlma 69, Boudon ak komin okap .
Dieuva Occidor .