Joseph Jouthe, nan lannuit 13 avril 2021 an, remèt demisyon li nan pòs premye minis peyi a.
» M remèt demisyon m aswè a bay prezidan repiblik la. Se te yon lonè pou mwen pou m te sèvi peyi m nan pòs premye minis la », se mesaj sa Jouthe Joseph ekri sou kont twitè l.
J’ai remis ce soir ma démission au Président de la République, SEM @moisejovenel. Ça a été un honneur de servir mon pays comme Premier ministre. Je remercie les membres de mon Gouvernement, les partenaires techniques et financiers pour leur collaboration.
Que Dieu bénisse Haïti!— Joseph Jouthe (@JoutheJoseph) April 14, 2021
Pi lwen, li swete pou Bondye beni Ayiti pandan li remèsye manm gouvènman an yo, patnè teknik ak finansye yo pou kolaborasyon yo.
Jovenel Moïse, bò kote pa li, pa pran tan pou reyaji aprè demisyon Joseph Jouthe la. » Mwen asepte demisyon gouvènman an, sa ap pèmèt pwoblèm ensekirite yo abòde nan lide pou chache estabilite politik ak ekonomik nan peyi a », pawòl Jovenel Moïse sou kont twitè l.
La démission du Gouvernement, que j’ai acceptée, permettra d’adresser le problème criant de l’insécurité et poursuivre les discussions en vue de dégager le consensus nécessaire à la stabilité politique et institutionnelle de notre pays. Le ministre Claude Joseph est nommé PM a.i
— Président Jovenel Moïse (@moisejovenel) April 14, 2021
Ansyen patwon agritans lan, nonmen Claude Joseph premye minis a.i aprè demisyon Joseph Jouthe la.
Jackson junior Rinvil