Nan match retou 8tyèm de final (1\8) lig dè chanpyon « Concacaf » la ki te mete fas pou fas ekip foutbòl klèb Akayè ak klèb Meksiken » Cruz Azul » la nan lannwit 13 Avril 2021 an nan peyi Meksik klèb ayisyen an tonbe fò.
Ekip « Cruz Azul » la rive bat ekip Akayè (8-0), depi nan premye mitan match la ekip » Cruz Azul » la te deja ap mennen (3-0) sou ekip Akayè a nan dezyèm mitan match la ekip Akayè a pran 5 gòl mete sou sa li te pran nan premye mitan yo .
Moun ki rive make pou ekip Meksiken an se:
– A. Gutiérez 3 zyèm minit .
– V. Yotún 11 zyèm minit.
– E. Hernández 25 kyèm minit .
– W. Montoya 49 vyèm ak 64 yèm minit .
– J. Reyes 61 nyèm minit .
– B. Angoulo 60 tyèm minit .
– J. Escobar 76 zyèm minit.
Dieuva Occidor .