AYITI/POLITIK: ANBASAD AMERIKEN REYAJI APRE NOMINASYON CLAUDE JOSEPH KÒM PREMYE MINIS.

_Anbasad Etazini nan peyi Dayiti reyaji aprè nominasyon Claude Joseph nan pòs premye minis pou yon ti bout tan.

Nan yon mesaj anbasad Etazini ki nan peyi Dayiti poste sou kont rezo sosyal yo, yo fè konnen yo pare pou travay men nan men ak premye minis pouvizwa a, Claude Joseph.

« Etazini anvizaje kontinye kowoperasyon li ak premye minis pouvizwa a, gouvènman ayisyen an ak tout aktè ayisyen yo ak patnè entènasyonal k ap travay pou òganize eleksyon lejislatif ak prezidansyèl lib epi jis nan lane 2021 », anbasad Etazini nan peyi Dayiti nan yon mesaj yo poste sou kont twitè yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …