Demisyon ansyen premye minis Jouthe Joseph, nan nan lannwit madi pou louvri mèkredi 14 Avril 2021 an, pa kite klas politik peyi Dayiti a diferan.
Kòdonatè pati gran rasanbleman evolisyon Ayiti ( GREH) ansyen kolonèl Himler Rebu, daprè li pat gen lòt mwayen ke demisyon ansyen PM Jouthe Joseph, akoz li te fè yon seri deklarasyon ki pat anfavè pouvwa sitou sa li te fè nan depatman nò semèn pase a.
Pou senatè lwès Pierre Paul Patrice Dumond, fè konnen demisyon premye minis Jouthe la pap kapab pote okenn amelyorasyon nan kriz la k ap brase bil peyi a.
Palmantè a ki deklare prezidan repiblik la Jovenel Moïse pagen okenn kapasite pou rezoud kriz Aktyel la.
Pòt pawòl pati politik ayisyen tèt kale a ( PHTK) Roody Herivau, di li regret le fèt ke ansyen PM lan pat gentan fè anyen pou rezoud pwoblèm ensekirite a ak kriz politik la, mouche Herivau ki pwomèt pouvwa anplas la pral kontinye travay pou amelyore sitiyasyon malouk peyi Dayiti.
Dieuva Occidor .