LEMOND/DRAM:NAN YON FIZIYAD NAN PEYI ETAZINI POU PI PITI 8 MOUN MOURI AK PLIZYÈ LÒT BLESE.*

Pou pi piti 8 moun mouri ak plizyè lòt blese, se bilan yon fiziyad ki fèt nan lannwit jedi 15 avril 2021 an  nan peyi Etazini nan vil Indianapolis daprè sa lapolis.

Aksyon sa pase bò  11è nan aswè lè yo te mete fòs lòd yo okouran sou yon fiziyad ki fèt nan yon sant gwoup FedEx nan vil Indianapolis toupre ayopò Indianapolis la.

Daprè otorite lapolis yo, 8 moun mouri ak plizyè lòt blese, se bilan pwovizwa fiziyad sila.

Sepandan, moun ki fè zak la daprè lapolis, li menm tou li mouri. Li touye tèt li.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …