AYITI / POLITIK :KÒDINASYON  LAPEH DI  PREZIDAN JOVENEL MOÏSE ZORÈY PA FÈT POU PI LONG PA SE TÈT .

Nan yon nòt pati politik lig altènativ pou pwogrè ak emansipasyon ayisyèn ( LAPEH), mande yon dyalòg nan mitan klas politik la pou rezoud kriz politik la k ap brase bil sosyete a.

Nan nòt la responsab pati politik LAPEH yo deklare :  » aprè echèk tout tantativ dyalòg ki anpeche jwenn yon konsansis pou retire peyi a nan kachouboumbe li twouve jounen jodi, nou menm nan LAPEH, yon lòt fwa ankò nou mande prezidan Jovenel Moïse pou li jwenn yon antant prese prese ak òganizasyon nan sosyete sivil la ak pati politik yo pou yon gwo chita tande rive fèt, avan pita pi tris ».

Pilwen responsab Lig altènativ pou pwogrè ak emansipasyon ayisyèn lan, kwè peyi Dayiti merite yon lòt konstitisyon. Selon LAPEH, se sèl mwayen pou ka rive mete kanpe yon lòt sistèm politik, ekonomik ak sosyal depi byen lontan .

Kòdonatè LAPEH a, Anacacis Jean Hector, salye gwo mouvman leve kanpe legliz katolik la pou di non ak fenomèn ensekirite a ak zak kidnapin lan nan peyi an.

Kòdinasyon LAPEH di prezidan Jovenel Moïse zorèy pa fèt pou pi long pase tèt,paske pèp lan se vwa larezon ,se vwa BonDye.

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …