LEMOND/ESPÒ:HANSI FLIK MANIFESTE ENSTANSYON LI POU LI KITE PÒS ANTRENÈ BAYERN MUNICH NAN NAN FEN SEZON AN.*

Hans Dieter « Hansi » Flik, nan yon mikwo laprès jounen samdi 17 avril pa kache entansyon l pou kite ekip Bayern Munich la nan fen sezon 2020-2021 an._

29nevyèm jounen chanpyona Almay la te mete bab pou bab ekip Bayern Munich lan anfas ekip Wolfsburg la. Aprè match sila a Bayern bat 3-2, Hansi Flik fè konnen nan mikwo Sky li anonse ak ekip la li enfomè klèb la sou entansyon li genyen pou l kanpe kontra li nan fen sezon 2020-2021 an.

« Se pa t yon desizyon ki te fasil pou m te pran », deklarasyon antreprenè Bayern nan, Hansi Flik.

Chanpyona Almay, koup Almay, Sipè koup Almay ak ligdè chanpyon se kèk nan gwo konpetisyon Hansi Flik pran ak ekip la depi lè li chita sou ban an nan lane 2019.

Yon kole zepòl ant Hansi Flik ak direktè espòtif ekip Bayern Munich lan, Hasan Salihamidzic, ki te pran lari nan jou ki sot pase yo.

Yon lòt bò, Hansi Flik se youn antrenè federasyon ekip foutbòl Almay la anvi chwazi pou vin ranplase Joachim low nan pòs seleksyonè ekip Almay la.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto :facebook

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …