Asosiyasyon majistra tankou: ANAMAH, APM, ak lòt yo deside leve grèv yo te tanmen depi nan mwa fevriye 2021 an nan 18 jiridiksyon peyi a .
Daprè prezidan asosiyasyon nasyonal majistra yo (ANAMAH) jij Jean Wilner Morin, ki fè konnen yo deside leve grèv paske ministè lajistis komanse satisfè kèk nan revandikasyon yo.
N ap siyale, jounen madi 20 Avril 2021 an, majistra yo nan tout 18 jiridiksyon ap gen pou òganize eleksyon pou kapab eli yon reprezantan tribinal yo nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè a (CSPJ) .
Dieuva Occidor .