AYITI/POLITIK:*PATI POLITIK PLANSPA PREZANTE BILAN TOUNEN YO TE FÈ NAN REPIBLIK DOMINIKÈN.*

Nan yon konferans pou laprès lidè pati politik PLANSPA Dieudonné Lherisson bay jounen Madi 20 avril 2021 an  li prezante bilan tounen pati politik li a sot fè nan peyi vwazen aprè yon envitasyon fondasyon zile te fè yo.

Nan kad tounen sa, pati politik PLANSPA  te patisipe atravè lidè li Dieudonné Lherisson nan nevyèm edisyon « sèmen dyaspora » a ki te dewoule anba tèm Ayiti ak Repiblik Dominikèn fas ak defi fratènite epi koperasyon pou relanse ekonomi zile a aprè peryòd Covid-19 la ».

Ansyen prezidan Jocelerme Privert ak konsil jeneral peyi Dayiti nan santyago, James Jacques se kèk pami ofisyèl ak ansyen ofisyèl ki te patisipe nan aktivite sila a, daprè ansyen kandida pou pòs depite nan komin Marigo .

Lidè pati politik PLANSPA nan yon lòt bò, pran angajman pou mete Leta a sou yon lòt ray aprè konsta li fin fè nan jan peyi a ye an.

 » Pati politik planspa pran angajman pou li konstwi yon Leta modèn, yon Leta responsab », deklarasyon Dieudonné Lherisson nan kad tounen semèn dyaspora a.

Dieudonné Lherisson plede pou yon dyalòg ayisyen ak ayisyèn nan sousi pou retire peyi a nan sityasyon difisil li ye a.

Tounen sila a se te okazyon tou, daprè Dieudonné Lherisson, pou yo te fè yon chita pale ak kèk etidyan ayisyen sou yon pakèt difikilte yo ap rankontre sou mache travay  ayisyen an ki se sou mache travay dominiken an aprè yo fin etidye.

Ansyen depite komin Marigo a pa te mete dlo nan bouch li pou li te kritike dirijan politik ayisyen yo.  » Pandan 30 lane dirijan ayisyen yo fè konplo pou kraze peyi a alòske dirijan dominiken yo mete tèt yo ansanm pou yo konstwi Sendomeng », selon Dieudonné Lherisson.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …