Yon gwo dife ravaje nan jounen mèkredi 21 avril 2021 an yon enstalasyon stokaj petwòl nan pwovens santral Nakhom Pathom nan peyi Tayland .
Gwo dife sa pa te pran tan pou li te anvayi tout batiman enstalasyon stokaj petwòl lan.
Malrezman kèk otorite ki te kòmanse fè yon ankèt pou konnen kisa ki lakoz sitiyasyon sa poko jwenn yon repons afimatif.
Otorite nan peyi Tayland fè konnen yo poko jwenn moun ki viktim nan gwo dife sa ki pran nan enstalasyon stokaj petwòl lan nan pwovens Nakhom Pathom lan.
Angeline Michel
Kredi foto :wikipedia