EDIKASYON: LIPA JANM TWÒ TA POU APRANN DAPRÈ JEUDY JEAN ORÈL YON EGZANP VIVAN

Nan lokalite boukan kare ayè lendi 11 jen 2018 lan nan kad egzamen ofisyèl 9è ane fondamantal, Jeudy Jean Orèl yon sitwayen ki gen 76 lane sou tèt li pwouve ke lipa janm twò ta pou aprann. A 72 lane Jean Orèl te desann sètifika.

Papa 7 pitit sitwayen boukan kare an te deside swiv tras Toussaint louverture kite aprann li ak ekri nan granmoun.

 » depi lèm jèn map travay nan domèn kominotè bò kote Max Adolf, mwen te kòmanse trase ak yon pikwa wout boukan kare ya pou rive mibalè  » avwe jeudy Jean Orèl.

Sitwayen 76 lane an fè pati yon klas 9è ane ki genyen 19 elèv, se li ki toujou premye. Jeudy Jean Orèl se yon temwanyaj vivan ki montre kel pajann trò ta pou tounen lekòl klasik oubyen aprann yon metye.

Èske si dirijan nou yo te kwè nan edikasyon tankou Jean Orèl peyi an tap pèdi tout jèn sèvo sa yo kap kite peyi a ?

Ridoré Steeve
ridoresteeve@Gmail.com

(+509) 3178-98-79

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …