Nan jounen vandredi 23 avril la nan maten, pè Marc Henri Simon fè konnen se DCPJ k ap negosye ak gwoup gang »400 mawozo yo pou libere otaj yo ki gen ladan yo 2 fransè daprè sa Pè Marc Henri Simon nan yon chita pale li te genyen nan youn nan medya peyi an.
» Selil ankèt kont anlèvman nan DCPJ fè pati selil k ap negosye ak bandi yo pou jwenn liberasyon otaj yo », deklarasyon pè Marc Henri Simon.
N ap raple, Jedi 22 avril la, gwoup gang »400 mawozo te libere 3 nan 9 relijye yo te kenbe yo an echanj, daprè yon sous fyab, liberasyon « yonyon » yon chèf gang ki te nan prizon. Sepandan, 24è aprè, otorite lapolis yo poko di anyen sou sa.
Echo Jounal
Kredi foto:wikipedia