LEMOND / ENSEKIRITE : POU PI PITI 13 MOUN MOURI NAN PEYI NIJERYA, LADAN YO 3 ETIDYAN

Gwoup gang nan peyi Nijerya kontinye ap taye nan banda nan peyi sa nan mwens ke yon semèn bandi yo touye 13 moun, ladan yo 3 etidyan .

Etidyan sa yo ki t ap rantre nan inivèsite  » Greenfield » mèkredi 21 Avril 2021 an,gwoup gang sa yo te kidnape pou piti yon 20 etidyan epi touye 3 ladan yo, nan menm semèn lan bandi sa yo touye 10 moun pandan yo ap mache nan lari nan Nòdwès peyi Nijerya, selon esplikasyon minis enteryè Nijerya Samuel Aruwan .

Gwoup gang sa yo ki deja kidnape 730 elèv lekòl ak inivèsite sòti mwa desanm 2020 pou rive jounen 24 Avril la, epi mande gwo sòm lajan pou kapab libere moun sa yo, alòske otorite nan peyi Nijerya parèt san pwisans devan zak bandi yo nan peyi sa .

Dieuva Occidor .

Kredi foto:figaro

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …