PEYI ENDONEZI  LANSE YON APÈL POU KANDIDA KI TA VLE POSTILE POU YON PWOGRAM BOUS ETID.

Ministè zafè etranje, daprè yon nòt li fè soti, enfòme piblik la gouvènman Endonezyen an lanse yon apèl pou kandida ki ta vle postile pou yon pwogram bous detid.

Daprè nòt sila a, etidyan etranje yo kapab jwenn bous la pou boukle fòmasyon yo swa nan nivo lisans, metriz osnon doktora.

« Enskripsyon pou pwogram bous detid sa ap fèt pou pi ta 4 Me 2021 sou sit entenèt http ://knb.kemdikbud.go.id. », daprè sa ki ekri nan nòt la.

Pou sila ki entèrese yo, toujou daprè nòt la, ki ta renmen gen plis enfòmasyon ka vizite sit entènèt ki mansyone pi wo a oubyen tou moun nan kabap voye yon imèl nan adrès elektronik sa : beasiswaknb@kemdikbud.go.id.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto: M .D.D

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …