AYITI / DIPLOMASI : ANVIWON 234 AYISYEN SAN PAPYE ARETE SOU FONTYÈ AYITI AK SENDOMENG .

Otorite peyi Sendomeng yo anonse yo arete 234 ayisyen nan peyi Sendomeng ki pat gen okenn papye, gwo kout filè sa fèt sou kontwòl kò espesyalize sekirite fontyè tè peyi Sendomeng (CESFRONT), nan jounen samdi 24 Avril 2021 an .

Daprè ofisye (CESFRONT) Carmos Luciano Díaz Morfa, ki fè konnen pou ka mennen operasyon sa plizyè materyèl teknik te deplwaye tankou kamera ,ak machin pou yo kapab rive fè operasyon an .

Responsab la ki fè konnen inite sekirite fontyè Sendomeng lan sezi pou pi piti trant mil (30 000) sigarèt nan menm operasyon an .

Ofisye Carlos Luciano Díaz Morfa, presize operasyon sa yo antre nan kad batay pou etire seri menas ayisyen san papye k ap goumen pou rive sou teritwa dominiken an dèyè do lalwa .

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …