LEMOND /SPÒ: GRAS AK  ATAKAN FRANSÈ A  BARCELONE FÈ VIKTWA SOU VILLARREAL 

Ekip Barcelone nan bat Villareal 2-1 gras ak 2 gòl atakan Fransè a, Antoine Griezmann fè nan kad 32zyèm jounen chanpyona espanyòl la._

Ekip Barcelone nan mete tout pwa li nan balans lan pou li wè si li ta ka byen fini sezon an. Yo bat Villareal, jounen dimanch 25 avril la 2-1 aprè bitè Fransè te enskri 2 gòl.

Gras ak viktwa sa ekip Barcelone nan vin gen 71 pwen nan dezyèm plas klasman an dèyè Atl. Madrid ki li menm se lidè chanpyona a ak 73 pwen.

Fen chanpyona espanyòl la anonse li pral bèl anpil. N ap raple, 29 avril ki pral vini la Barcelone ap gen pou jwe anfas ekip Granada a.

Echo Jounal

Kredi foto:net

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …