AYITI / KIDNAPIN : MOUVMAN PWOTESTASYON NAN LOKALITE LAMADLÈN AK KAFOU KORAY POU MANDE LIBERASYON KAZÈK WILKENS DICETTE.

Abitan ki nan lokalite kafou Koray ak Lamadlèn ki nan dezyèm seksyon komin ti Gwav, kwaze plizyè machin sou wout la aswè dimanch 25 Avril 2021 an pou mande liberasyon kazèk seksyon an Wilkens Dicette, nèg ak zam kidnape jounen 25 Avril 1021 an nan komin Delma .

Selon esplikasyon yon abitan nan lokalite Kafou koray, kazèk la ki gen yon lòt kay nan komin Delma pandan li ta pral rantre nan kay sa ravisè yo fè dap piyanp sou li, daprè abitan zòn lan li prezante kazèk la kòm yon bon moun ki ap sèvi seksyon an .

Nou ap siyale, nan yon deklarasyon minis jistis ak sekirite piblik la Mèt Rock Felleur Vincent, te fè nan dat 21 Avril 2021 te pase lòd ak lapolis pou estope tout bandi ki enpeche popilasyon an al fè okipasyon yo.

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …