AYITI/ENSEKIRITE: BANDI AK ZAM KIDNAPE PLIZYÈ MOUN POU WEEK-END LAN.

Jounen dimanch 25 avril 2021 an bandi ak zam kidnape plizyè moun nan kapital la pami yo pwofesè, famasyen nan fakilte leta a Mari Josette Malvoisin ak kazèk wilkenn Dicette.

Apre nouvèl la fin tonbe nan zòrèy popilasyon Tigwav la, yo pran lari a epi bloke wout nasyonal la pou mande libere kazèk la prese prese, manifestan yo ki te trè an kolè voye anpil wòch boule kawotchou pandan tout nwit lan. Daprè enfòmasyon nou rive jwenn, kazèk wlkens Dicette se yon papa li ye pou moun Tigwav. Popilasyon an fè konnen toutotan yo pa libere kazèk la yo pap debloke tigwav.

Map fè nou konnen, si Tigwav bloke gen anviwon 4 depatman ki bloke.

 

Ronald Exavier

 

kredi foto: KALB

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …