LEMOND/DIFE: POU PITI 82 MOUN MOURI NAN YON DIFE KI EKLATE WIKENN PASE A LOPITAL IBN AL- KHATIB NAN PEYI IRAK

23 malad kowonaviris mouri nan yon dife ki eklate nan lopital Ibn Al- Khatib, ki nan kapital peyi Irak Bagdad selon yon premye bilan men bilan definitif yo deklare gen 82 moun ki mouri ak 110 blese daprè deklarasyon yon sous nan lopital la maten Lendi 26 Avril 2021 an.

Selon responsab lopital la, ki fè konnen gwo dife sa ki te eklate nan lannwit samdi pou louvri jounen dimanch 25 avril 2021 an se akoz boutèy oksijèn pou bay swen ak moun ki kontamine ak pandemi kowonaviris la te mal ranje epi li pat nan yon bon pozisyon.

Premye minis Irakyen an Moustafa al -Kazimi, ki fè konnen gouvènman dekrete 3 jounen dèy nasyonal nan memwa viktim yo, li fè konnne gouvènman ap bay chak fanmi viktim yo di (10) milyon (10 000000)  » dinars » kise lajan peyi Irak ki evalye ak senk mil sètsan (5700) ewo.

Pou fini, chèf gouvènman Irakyen Moustafa al- Kazimi, anonse gen yon ankèt ki louvri sou sak pase a epi mete sou dispozisyon anketè yo minis sante Irak la Hassan al- Tamimi ak gouvènè Bagdad la pou gade si yo pa gen responsabilite yo nan sak pase a .

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …