AYITI/EDIKASYON: INOHA MANDE POU LEDIKASYON GEN PLIS ENPÒTANS NAN POLITIK PIBLIK OTORITE YO.

INOHA mande otorite konsène yo, nan yon nòt pou laprès li fè soti Lendi 26 avril la, pou bay ledikasyon plis enpòtans nan politik piblik li yo nan sousi pou sosyete a ka pi jis ak ekitab.
__

Enstiti nasyonal obsèvasyon Dayiti ( INOHA) konstate, daprè yon nòt li fè soti, timoun lise yo retounen foule beton an pou mande prezans pwofesè nan sal klas yo. »Timoun sa yo ki ap manifeste pou mande pwofesè nan sal klas yo , sa rive souvan Lapolis konn fè vyolans sou yo », daprè sa ki li nan nòt la.

Fas ak sityasyon malouk sa, INOHA raple otorite yo kisa atik 32.1 ak 32.2 konstitisyon 29 Mas 1987 la di sou koze ledikasyon. »Ledikasyon se Leta ak kolektivite teritoryal yo ki pran sa an chaj. Tout timoun dwe gen aksè ak lekòl gratis », toujou daprè nòt la ki tap referèl ak sa manman lwa peyi a fè konnen sou ledikasyon.

Yon lòt kote, enstiti nasyonal obsèvasyon Dayiti a mande otorite yo pou asime responsabilite yo pou timoun yo ka retounen nan sal klas yo.  » Li grav pou jan n ap viv la nou pa panse ak timoun k ap vin dèyè yo », ekri nan nòt la.

Pou fini, yo mande otorite yo pou yo nonsèlman rekanpe eskanp figi yo, nan sans pou bay ledikasyon plas li dwe genyen men tou, yo fè konnen si Leta a pa panse ak ledikasyon l ap difisil pou peyi Dayiti devlope.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …