AYITI/POLITIK: PATI POLITIK PLANSPA ENVITE 15 PATI POLITIK NAN YON CHITA PALE.

Nan yon korespondans ki pote dat 22 avril 2021, pati politik Planspa envite 15 estrikti (pati) politik pou tanmen yon bat bouch sou ansanm kriz ki ap brase bil peyi a.

Platfòm nasyonal sektè popilè ayisyen ( planspa) ki gen nan tèt li Dieudonné Lherisson, envite 15 estrikti politik nan yon brase lide sou kriz politik peyi a ap fè fas dènye moman sa yo nan listwa li.

« Fanmi Lavalas, pitit Dessalines, Ayiti an aksyon, Matris liberasyon, Ayiti an avan, ASE, Mouvman twazyèm vwa, Kona, Molha », se kèk pami politik, daprè korespondas lan ki envite nan chita pale sila a.

Lidè pati politik planspa, ansyen kandida pou pòs depite nan komin Marigo a, Dieudonné Lherisson mande dirijan pati politik li envite yo pou yo pran konsyans sou enpòtans yon dyalòg sensè genyen nan sousi pou wete peyi a nan sa li ye a. Daprè li menm, dyalòg la se sèl pòt soti nou.

Envitasyon pou chita pale toujou ap fèt men okenn aktè politik pa janm vin dyaloge. Konsyan pwoblèm sa egziste, pati politik planspa di li prewokipe nan jan li wè aktè politik yo toujou pè dyaloge.  » Pou jwenn yon solisyon ak kriz la chak jou k ap agrave pi plis sèl solisyon an se chita pale e konsa, solisyon n ap jwenn nan ap dire plis », Dieudonné Lherisson.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …