POZISYON 68 MANM KONGRÈ AMERIKEN YO SE YON GWO PA NAN REZOLISYON KRIZ LA, DAPRÈ MÈT ANDRÉ MICHEL

Pozisyon 68 manm kongrè ameriken yo se yon gwo pa pou nou  jwenn yon solisyon ak kriz la, daprè sa mèt André Michel fè konnen  Lendi 26 avril 2021 an sou kont twitè li._

Pòt pawòl sektè demokratik la pa t pran tan pou li te bay dizon li sou pozisyon 68 manm nan kongrè ameriken yo pran sou kriz politik peyi Dayiti a.

 » Pozisyon 68 manm nan kongrè ameriken an se yon gwo nan lide pou rezoud kriz la. Jovenel Moïse se yon obstak ak rezolisyon kriz la », André Michel.

André Michel, boutofen, raple pozisyon sektè demokratik ak popilè a sou kriz politik peyi a.  » Nou p ap ni negosye, ni kowabite avèk Jovenel Moïse », mèt André Michel.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …