AYITI/KORIPSYON : YON ANSYEN DG POLIS NASYONAL LA ENPLIKE NAN KORISYON.

Nan yon rapò Fondasyon Je Klere (FJKL) mete deyò, kote yo limen pwojektè yo sou enstitisyon polis la yo tonbe sou ansyen DG PNH la Michel-Ange Gédéon ki tap taye bandal nan kòripsyon.

Òganizasyon kap defann dwa moun nan souliye, soti 8 avril 2016 pou rive septanm 2017 gen anviwon 20 milyon dola ameriken ki pase sou direksyon ansyen DG a pèsòn moun pa wè klè kote kòb sa pase.

Yon lòt kote, FJKL fè konnen, ansyen direktè a dekese anviwon 80 mil dola ameriken ankò yo toujou pa klè koman kòb sa yo depanse.

Fondasyon an kontinye pou li di, lè yo jwenn chèk sa yo, yo pa jwenn okenn rezon valab ki fè ansyen chèf polis la te dekese gwo sòm lajan sa.

Ronald Exavier

KREDI FOTO: Loop Haiti

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …