AYITI/PNH: BERSON SOLJOUR NONMEN NAN TÈT DIREKSYON ADMINISTRASYON PENITANSYE (DAP).

Ansyen direktè depatmantal lwès polis la Berson Soljour, nonmen nan tèt direksyon administrasyon penitansye ( DAP) li ranplase nan pòs la Charles Nazaire.

Se direktè jeneral pou ti bout tan polis la Léon Charles, ki fè nominasyon an nan sousi pou kapab ranfòse sekirite nan diferan prizon sivil yo ki gen nan peyi a .

N ap fè remake, nan yon sèl jou direksyon jeneral polis nasyonal la fè de (2) chanjman kise enspektris Marie Michelle Verrier, ki raplase enspektè Gary Derosier kòm pòt pawòl polis la ak raplasman Charles Nazaire nan tèt direksyon administrasyon penitansye .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …