AYITI/DRAM : YON MOUN MOURI NAN KOURAN NAN KOMIN TABA.

Yon jèn gason mouri maten mèkredi 28 Avril 2021 an sou yon poto EDH nan Komin Taba, nan moman li tap fè mannèv pou mete kouran lakay li .

Selon esplikasyon kèk sitwayen nan zòn lan, jèn gason sa te remake lakay li pat gen kouran te deside ak yon lechèl sèlman al monte poto a pou al gade ki sak pase, se nan menm moman responsab yo nan EDH deside bay kouran nan zòn lan .

Fòk nou di aprè sak fin pase a, yon jij de pè nan komin Taba te fè konsta kò a epi bay lòd pou leve kadav la .

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …