AYITI/KILTI: BOUCH LONG ANT RICHIE AK GRACIA AKOZ YOUN PA REKONÈT VALÈ LÒT.

Nan yon entèvyou Batè Gwoup mizik  » Klass » la Jean Herard Richard alyas Richi, deklare youn nan pi bon chantè kel travay avèk li san okenn difikilte se aktyèl chantè gwoup « Klass » la Eder Stanis alyas  » Pipo  » . Selon Ansyen batè, konpozitè gwoup mizik  » Zenglen  » an Pipo se atis ki pi adapte ak fòma epi estil li.

Yon deklarasyon ki ta pral leve plim sou do aktyèl chantè gwoup  » Mass Kompa » Gracia Delva, deklare  » maestro Richi » pap janm konn mizik ak siksè san li  » ha ! Nan tout mizik « maestro Richi » konpoze li pap janm konn yon yit tankou kontwòl, Tempo, Lanmou pa konn dyaspora ak Ti poud kem te chante nan zenglen », se sa ansyen chantè Djakout mizik ak Zenglen an deklare. Pilwen chantè « Mass Kompa » ki bay tèt li non  » Aya, Ti bat kò « , fè konnen li menm ak aktyèl chantè gwoup « Disip » la Gazman Pierre alyas  » Gazman Koulè » se atis ki pase plizyè dizèn ane ap mennen nan biznis « Kompa dirèk » la nan peyi a .

N ap raple, nan fen ane 2001 Gracia Delva te kite gwoup mizik  » Zenglen » akoz li pat danse kole ak  » maestro Richi », nan ane 2007 de ( 2) gwo mizisyen sa yo ki pat janm pale te mete tèt yo ansanm anba pwodiksyon  » lionel production » te sòti yon album kite rele  » YO REMELE ».

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …