AYITI/NÒT: KONSÈY KÒDINASYON FAKILTE SYANZIMÈN MANDE LIBERASYON ETIDYAN YOURY VALERY LÉONARD DERIVAL .

Nan yon nòt konsèy kòdinasyon Fakilte Syanzimèn fè soti jounen mèkredi 28 avril la, yo mande liberasyon etidyan Youry Valéry Léonard Dérival an ijans._

Konsèy kòdinasyon ki ap jere Fakilte Syanzimèn fè konnen li sezi pou li aprann zak kidnaping ki fèt sou etidyan finisan nan depatman Sikoloji Youry Valéry Léonard Dérival nan dat madi 27 avril la nan ang ri klèmon ak ri lamatinyè.

Konsèy kòdinasyon Fakilte a egzije, nan sans sa, liberasyon an ijans etidyan Youry Valéry Léonard Dérival pandan li kondane ak tout fòs zak kidnaping sila a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …