AYITI/MANIFESTASYON: DIVÈS SENDIKA OUVRIYE ANONSE 2 JOUNEN MOBILIZASYON PREMYE AK DE (2) ME NAN PÒTOPRENS.

Plizyè sendika ouvriye tankou konfederasyon travayè ayisyen nan sektè prive ak piblik (CTSP) ak Sant nasyonal ouvriye yo ( CNO), anonse 2 jounen mobilizasyon samdi premye ak dimanch de (2) Me 2021 an nan pòtoprens pou denonse move kondisyon travay yo nan faktori yo. Anplis pwoteste kont referandòm Jovenel Moïse la ak pwochen eleksyon yo ki ap manniganse pou fèt nan peyi a.

Sekretè Jeneral (CTSP) a Yvelt Admettre, ki mande ak tout lòt sektè òganize nan peyi ak fason pouvwa anplas la ap fè represyon sou manm nan popilasyon an ak opozan rejim lan pou vin mache ak ouvriye yo nan 2 jou sa yo.

Pou fini, diferan sendika ouvriye yo fè konnen manifestation an ap gen de (2) kote yo ap ransanble kise devan (SONAPI) ak Kafou Ayopò. Sendikalis yo fè konnen manifestation an gen pou pase nan Delma 32, « Lalue » ak  » Bois- Vernas. Òganizatè yo di Lapolis deja resevwa notifikasyon pou pakou a, pandan yo denonse Lapolis ki pa dakò yo rasanble nan Kafou Ayopò .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …