AYITI/KILTI : TWA (3) JOUNEN AKTIVITE ANONSE ANVAN INOGIRASYON SANT KILTIRÈL MANNO CHALMAY

Meri Kafou anonse nan kad yon rankont ak laprès nan jounen 29 avril 2021 an,twa (3) jounen aktivite nan sant Kiltirèl Manno Chalmay soti jedi 29 avril pou rive samdi premye me 2021 an. Pandan twa jounen sa yo ap genyen : pwojeksyon dokimantè; ekspozisyon liv ; tèks sou komin nan; ekspozisyon foto elatriye.

Prezidan komisyon kominal Kafou a, Jude Edouard Pierre, fè konnen li konte sou bourad plizyè patnè tankou Bibliyotèk Nasyonal, Biwo Nasyonal Etnoloji ak patisipasyon tout sitwayen pou pèmèt aktivite sa reyisi.

Sant kiltirèl sa, gen ladan l yon sal odyovizyèl, yon bibliyotèk, yon sal pou espektak, rèstoran, ak lòt espas ankò, daprè Jude Edouard Pierre. Li eskplike se lajan sitwayen komin Kafou ki pèmèt li konstwi sant kiltirèl sa.

Peter St juste

Kredi foto:pseau

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …