LEMOND/ DIFE : 8 MOUN MOURI AK PLIZYÈ LÒT BLESE NAN YON « MHOTEL » NAN PEYI LETONI.

Otorite peyi Letoni, fè konnen gen 8 moun ki mouri ak plizyè lòt blese nan yon dife nan lannwit mèkredi pou louvri jounen jedi 27 Avril 2021 an nan yon  » Mhotel » pami blese yo plizyè etranjè, selon esplikasyon otorite peyi Letoni yo .

Selon yon twit majistra Eta Riga, Martins Stakis, fè konnen gen uit (8) moun ki mouri ak nèf (9) lòt blese nan blese yo gen plizyè etranje.

Majistra esplike  » Mhotel » la ki t ap fonksyone dèyè do la lwa te nan sizyèm etaj yon apatman ki pou Leta peyi Letoni. Pilwen chèf Eta Riga presize otorite nan lajistis ak lapolis peyi deja louvri yon ankèt sou sak pase a pou gade si pa gen men kriminèl dèyè sak pase a.

Sou bò pa li, minis enteryè peyi Letoni an Sandis Girgens deklare responsab « Mhotel » la te mete plizyè pòt an fè ki lakoz okenn nan ponpye yo pat kapab gentan rive pou te pote sekou ak viktim yo . Minis lan, presize « Mhotel » la t ap fonksyone dèyè do la lwa sèlman egzekisyon pou te fèmenl ki pot ko fèt .

Dieuva Occidor.

Kredi foto:AFP

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …